Akò Montana

Search
Close this search box.
photoaccueil_1

Akò MONTANA

Yon Mouvman nasyonal Inik

Akò 30 Out 2021 an yo rele Akò Montana se yon inisyativ sitwayen Ayisyen ki louvri wout, pou jwenn yon solisyon ayisyen nan kriz jeneral sou tout fòm ki blayi nan peyi a depi evenman leve kanpe 6- 7Jiyè 2018 la.

Rezon AKÒ A

Gwo potomitan yo

Apwopo AKÒ A

Kote nou soti

Komisyon kap chache yon solisyon ayisyen nan kriz la

Komisyon kap chache yon solisyon ayisyen nan kriz la, te kreye jou ki te 6 mas 2021 anba inisyativ plizyè òganizasyon nan sosyete sivil ki angaje nan chache solisyon pou pwoblèm peyi a. Gwoup òganizasyon sa yo te adopte nan dat 30 janvye yon rezolisyon ki te mande sosyete sivil la pou l jwe yon wòl pi aktif olye li ta rete kanpe tankou moun kap gade jan kriz plizyè tèt kap ravaje peyi Ayiti depi leve kanpe jèn yo te fè nan dat 6 ak 7Jiyè 2018.

Sitiyasyon miwo miba sosyete a ak gwo feblès moun kap dirije peyi a se nannan kòz kriz estriktirèl kap sakaje peyi a, mete sou sa Leta a enkapab pou bay popilasyon an kèk sèvis sosyal, li pa kap garanti lajistis, ni mete sekirite ak konbat koripsyon, sak pi grav la Leta a nan alyansay ak yon seri gwoup kriminèl.

Nan sans sa a, yo te mete kanpe yon Komite Swivi pou mennen aktivite yo, epi Komite Swivi sa a te gen job pou kreye yon Komisyon kap chache yon solisyon ayisyen nan kriz la. Komite Swivi a te kenbe kontak sere ak plizyè sektè nan peyi a tankou sektè politik, sektè prive, sektè legliz yo epi divès lòt ak kominote entènasyonal la. Konsa Komisyon kap chache yon solisyon ayisyen nan kriz la te fè premye reyinyon li nan dat 6 mas 2021 epi tabli baz travay li nan Pòtoprens.

Komisyon an te gen trèz (13) moun, dis (10) nan yo se òganizasyon nan sosyete sivil la ki te chwazi yo ak twa (3) pèsonalite yo konnen pou angajman ak entegrite yo. Nan tèt ansanm manm komisyon yo reprezante yon seri sektè ki responsab mobilizasyon plizyè dizèn milye sitwayen nan twa (3) dènye ane yo.

Men lis dis (10) òganizasyon sa yo :

Platfòm òganizasyon feminis yo

  • Platfòm òganizasyon Dwa Moun yo, POHDH
  • Federasyon pwotestan peyi Ayiti
  • Legliz Episkopal
  • Federasyon Bawo peyi Ayiti
  • Alovi Dawome pou sektè vodou
  • Katan pou sektè kiltirèl
  • Inyon pou respè konstitisyon an ki regwoupe plizyè sendika
  • Fowòm pou lapè ak dyalòg ki chita nan dyaspora
  • Platfòm 4 G ki konpoze ak kat (4) pi gwo òganizasyon peyizan nan peyi a.

Plis pase yon tyè (1/3) ki se 38% manm komisyon an, pami yo senk (5) fanm ki se manm gwoup kap patisipe nan inisyativ pou chache lapè ak rezolisyon konfli tout kalite.

Komisyon an genyen de (2) objektif :

  1. Rive pote yon pawòl nasyonal sa vle di yon pozisyon kote tout nasyon an kapab wè tèt yo ladann epi ki ranmase tout nannan kriz la ak pawòl chanjman tout peyi a ta renmen jwenn nan.
  2. Se rive jwenn yon Akò politik ant sosyete sivil ki angaje pou chanjman nan peyi a ak aktè politik yo pou nou rive soti peyi a nan kriz la ak mete kanpe ak reyalize gwo rèv chanjman ki ranmase atant ak bezwen pifò moun kap viv nan peyi a.

Wout nou te pran an

Komisyon an te travay pandan senk (5) premye mwa yo pou ranmase enfòmasyon sou tout kalte tantativ solisyon yo te jwenn deja. Komisyon an te chita koute ak analize pozisyon ak pwopozisyon tout kalite sektè nan sosyete a ni sektè politik tankou sektè sosyete sivil pami yo sektè popilè ki òganize ak anpil asosyasyon ak pèsonalite nan dyaspora.

Komisyon an travay pou chache epi rive jwenn yon konsansis nasyonal, pi gwo sousi a se rive tabli sou pi piti lide ki kapab kole nou epi kote nou tout, ou byen pifò nan nou kap dakò sou li pou rive retire peyi a nan kalamite li ye jodia.

Komisyon an te chita ak apiye li sou tout kalite revandikasyon ki soti nan divès manifestasyon popilè ki te fèt nan tout kwen peyi a depi lane 2018. Nan sousi pou pi byen konprann reyalite a komisyon an te chita pale ak yon seri enstitisyon entènasyonal tou.

Konsa Komisyon an rive fè yon pwopozisyon ki mare ak nanm peyi a ki chita sou dwa grandèt majè li ak yon solisyon ayisyen ki se baz pwopozisyon Akò a ki se misyon fondalnatal yo te bay komisyon an.

Pou rive nan pwopozisyon Akò a, Komisyon an te rive fè anpil anpil ti atelye tankou yon seri ti konferans nasyonal avèk prèske tout sektè nèt nan peyi a pou te teste pwopozisyon konsansis la ak rive konplete  ak ranfòse Akò a ak lide tout moun li te rankontre yo.

Finalman nan dat 30 out 2021, Komisyon an te prezante Akò a yo konnen, sou non Akò 30 out 2021 devan nasyon an pou yo te kapab siyen li. Depi lè sa a yo plis konnen Akò a, sou non Akò Montana paske se nan Otèl sa a reyinyon pou ranmase premye seri siyati yo te fèt. Depi lè sa a Akò a ranmase plis pase mil (1000) siyati pami yo pèsonalite tout kalite tout kalib, òganizasyon ak pati politik.

Ki jan nou fonksyone

Aks pwogram yo

Fèy wout Akò a ak trèz (13) aks pwogram yo

Poukisa yon Konsèy nasyonal tranzisyon?

Magali Comeau Denis, Coordonnatrice de la commission pour la recherche d'une solution haïtienne à la crise, Ancienne Ministre de la Communication et de la Culture de 2004-2006, Militante politique

Ki estrateji akò a?

Monique Clesca, Journaliste, Écrivaine, Militante féministe, Société civile

gran pwen ki nan akò a

Jean Kisomair Dure, Pasteur de L'Église Évangélique de Nazon

MEKANIS KONSEY TRANZISYON AN

Magalie Georges, Enseignante, Dirigeante Syndicale

travay konsèy tranzisyon an

Ernst Mathurin " Nene", Ingénieur, Membre du bureau de suivi de l'accord

Kisa ki nan premye pati ako a ki jwenn nan konferans ki te fet 17 Jiye a?

Jacques Ted Saint-Dic, Économiste, Enseignant

travay konsey tranzisyon an

Jacques Ted Saint-Dic, Économiste, Enseignant
Yon pòdkas BSA Akò Montana

avèk

Laura Louis

Skip to content